Creole Version

Bib la di avan lontan, gen yon jou ou gen pou bay Bondye rapò lavi’w.  Bib la di, “ tout moun gen pou mouri you sèl fwa, apre sa Bondye gen pou jije yo” (Ebre 9:27).

Èske ou kwè tout bon w’ap chape anba kolè Bondye jou jijman an?

Kisa ou pral fè ak peche ou yo? Ou dezobeyi lwa Bondye ak tout volonte’w, plizye fwa san chagren. Peche ou yo “separe’w ak Bondye” (Ezayi 59:2) plis “w’ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kolè li (Romen 2:5).  Ou pap JANM ka yon bon moun ase pou antre nan syèl. Mande padon PA sifi.  Grandi nan legliz PAP fè’w rive nan syèl la. Mande Jezi pou li antre nan kè’w PA yon repons Biblik konsenan bon nouvèl  Jezikri a. Aksepte JeziKri nan laviw kom sovè pesonèl ou PA KA sove’w. Fok gen yon pèman pou peche ou yo. La Bib di peche peye nou kach li bannou lanmò. (Romen 6:23)
Nanm ou ta sipoze sa ki pi enpotan pou ou konye a.  Ou pral pase tout letènite oubyen nan syèl oubyen nan lanfè. Jezi di “kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemon antye si’l pèdi lavi li? Ou anko, kisa yon nonm kabap bay pou’l gen lavi? (Mak 8:36-37). Pa kite travay, lekòl, oubyen kòb fè ou pèdi nanm ou. Pa kite plezi, jwèt, anbyans, fè tan ak zanmi ou fè ou pèdi nanm ou. Pa gen anyen menm ki pi enpòtan pase nanm ou.
Pa fè kè di. Pa pran sa a la lejè! Soumèt ou anba direksyon Bondye ki soti nan Bib la e “Chanje lavi nou, tounen vi’n jwenn Bondye pou’l ka efase peche nou yo. REPANTI E METE KONFYANS NOU NAN BON NOUVÈL LA!

FE FAS AK PECHE OU YO

Bondye gen pou jije ou pou tout sa ou te fè (Revelasyon 20:11-15). Nan je lemonn, anpil moun kwè yo se bon moun. Men Bondye pa jije nou daprè sa moun nan lemon panse de nou.  Bondye gen pou jije nou daprè kòmandman li yo ki sen e ki pa gen pyès ere.
Bib la dekri pawòl Bondye tankou yon glas ki montre kondisyon natirèl ou devan Bondye “Konsa pa gen eskiz ki pou soti nan bouch pèsonn: tout moun antò devan Bondye. (Romen 3:19). Pa bay tèt ou manti. Fè yon ti tan gade nan glas Dis Komandman li yo:

1) “Piga nou gen lòt bondye pase Mwen Menm sèlman.”

Èske ou montre kijan ou renmen Bondye pase tout lòt bagay nan fason ou fè tout sa li mande’w fè ak jan ou evite tout sa li rayi? Èske ou vrèman renmen’l ak tout kè’w, nanm ou, lespri’w, ak tout fòs ou tout tan? Èske’w ta kite tout sa ou genyen pou vin disip Bondye? (Lik 14:33, Sòm 135:15-18)

2) “Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la.”

Èske se imajinasyon ou ki kreye ekzistans Bondye pou ou oubyen èske ou kanpe sou pawòl Bondye? Èske Bondye’w la tolere peche? Èske’l gen pouvwa pou li chanje lavi ou konplètman? Èske’l padone ou malgre ou kontinye ap fè rebelyon kont li? (Jeremi 2:11-13)

3) “Piga nou sèvi mal ak non Seye a, Bondye nou an.”

Pale non Bondye mal daprè Bib la se yon pèn kapital ki mande lanmò. Pa menm gen pyès moun ki sèvi ak non Hitler kom yon betiz oubyen ki montre kijan yo fache oubyen ki ba yo degou. Ou menm pale Bondye mal le ou di tout moun ou se yon kretyen epi lavi’w pa montre sa.

4) “Toujou sonje jou repo a pou nou mete’l apa pou mwen.”

Èske ou toujou mete jou Bondye a apa pou adore li ak moun pa li jan Bib la mande’l la? (Ebre 10:25)

5) “Respekte papa nou ak manman nou.”

Ou vyole komandman sa a lè’w pa obeyi, lè’w pa gen respè, lè’w nan rebelyon, lè’w fè neglijans, lè’w montre endiferans, lè’w engra, san lanmou. (Efezyen 6:2-3)

6) “Piga nou touye moun.”

Èske ou janm konn fache? Jezi di “se anndan kè yon moun tout move lide soti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòle, li fè ou touye moun (Mak 7:21-23).  Touye moun komanse nan kè lè ou fache dapre Matye 5:22. Èske ou konprann ke devan Bondye, chak fwa ou fache, se kòm si ou te touye yon moun? Konsidere yon moun ki san emosyon, ki wè tèt li sèlman epi ki touye yon timoun ak tout entansyon lè li fè avòtman. Ou gen pou fè fas ak Bondye menm si ou dakò ak abominasyon sa a (Romen 1:32).

7) “Piga nou fè adiltè.”

Jezi te di, “Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avèk li nan kè li.”(Matye 5:28).  Dezi fizik ak nenpòt lot kalite aktivite seksyèl ki pa fè pati maryaj ant yon fi ak yon gason jan Bondye mande’l la, se yon pèn kapital devan Bondye ki mande lanmò.

8) “Piga nou prans a ki pa pou nou.”

Lè ou pran yon bagay ki pa pou ou, ou se yon vòlè.  Èske’w konnen li posib pou ou vòlè tan nan travay ou , ou ka menm vòlè kòb bòs ou peye’w, lè ou pran poul nan tès, lè’w bay manti nan taks ou, lè’w pa peye sa ou dwe peye?  Ou vòle tou le’w pa bay dim sou lajan ou touché.  Vòlè pap fè pati wayom Bondye a (1 Korentyen 6:10).

9) “Piga ou bay manti.”

Pandan tout lavi’w, konbyen manti ou bay deja? Ou se yon mantè, dayè Bib la di, “ak tout moun kap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k’ap boule a yo ye. (Revelasyon 21:8) Ou ka panse manti pa yon peche ki grav, men Bondye pa panse sa!

10) “Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou.”

Ou pa sipoze gen pyès lanvi pou sa yon lòt moun genyen. Ankenn moun ki renmen lajan pap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa. Ou te fèt pou glwa Bondye ka manifeste malgre sa ou kontinye ap vyole tout komandman Bondye ba ou yo anplis wa'p viv jan’w vle nan rebelyon’w kont Bondye. Èske ou aksepte sa? Si’w pa vle dakò ak sa plis ou pa ka reyalize se yon bagay serye li ye le ou ofanse Bondye, se kòm si ou konsidere Bondye kòm yon mante (1 Jan 1:10) Jije tèt ou konye a pou Bondye pa jije’w!  “Lè yon moun an santé, li pa bezwen dokte, se moun ki malad ki bezwen dokte (Lik 5:31) e peche se yon maladi ki malveyan k’ap kontamine nanm ou. Èske ou santi chay remò ou ak jan peche fe’w wont devan Bondye? Si ou pa santi sa, se tankou ou kanpe men kwaze anfas peche’w.  W’ap fèkè ou di. Kriye devan Bondye pou li ede’w byen bon konprann konsekans peche ou. Nanm ou an danje kounyea. Repanti, konfye’w nan bon nouvèl la!

PE JIJMAN BONDYE

Ou koupab kòm yon pechè devan Bondye! Ou se enmi Bondye nan jan w’ap viv. Èske ou konprann Bondye fache avèk ou poutèt peche ou yo kont li? “Se poutèt sa, n’ap wè kolè Bondye soti nan Syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè (Romen 1:18).  

Konsekans peche ou yo se lanmò ak chatiman. Petèt ou kwè Bondye ap neglije peche’w. Pa pran pasyans Bondye pou anyen panse ke se tolere l’ap tolere’w! “Seyè a pa fache fasil, men se pa ti kras pouvwa li genyen, li pap janm manke pa pini moun ki anto (Naroum 1:3).  Jou jijman’w gen pou vini vit. Si ou pa tounnen kite peche ou yo ak mete tout konfyans ou nan Jezikri Selman pou sove ou. Ou pral bwè Bondye a, diven kolè Bondye a diven san melanj Bondye vide nan gode kolè li a. Tout moun sa yo pral soufri nan dife ak souf devan Zanj Bondye yo ak ti mounton an. Lafimen dife dap fe yo soufri a ap monte tout  san rete” Revelasyon 14:10-11.

Èske pawòl sa you fè ou tranble?

Wi! Lè ou gen krentif pou Bondye, se le sa a ou komanse gen bon konprann (Provèb 9:10).  Bondye kondane lezòm lè li di: “li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif pou Bondye (Sòm 36:1). Lè ou pedi posibilite pou gen krentif pou Bondye akoz pou peche ou yo kont li, èske ou pa pe pou nanm pa ou? Imajine soufrans lanfè, kote ve yo pap janm mouri plis dife a pap janm mouri!  Bondye di: Nou pa pezwen pe moun ki ka touye kò nou, men ki pa ka touye nanm nou. Se Bondye pou nou pe pito, paske li menm li kapab pran nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfe (Matye 10:28).

Bondye di “mwen pap pran okenn plezi wè mechan yo mouri: mwen ta pito we yo sispan fè sa ki mal pou yo ka viv.  Sispann fè sa nou pa dwe, tounnen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmo n’ap chache konsa a? (Ezayi 33:11) Kouri vinn jwenn Bondye ki gen sèl solisyon an. Repanti e kwè bon nouvèl la.

KOURI VINN JWENN KWA A

Nan mizèrikod ak lanmou Bondye gen pou nou, li kreye yon sèl solisyon pou pwoblem peche nou. Se poutèt gras Bondye konye a, ou gen chans tande pon nouvèl mesaje Bondye a pote pou ou (Romen 10:14-17). Se pi bon nouvèl ou ta ka tande nan lavi’w.  Jezikri se SEL espwa ou genyen pou al nan syèl la  Bonye pran fòm yon moun, san repitasyon, epi li vin kòm yon bon sevant menm jan ak moun (Filipyen2:7). Pandan ou t’ap viv nan rebelyon peche’w kon Bondye, Jezi viv yon lavi ki san mak, san peche. Nan imilite’l tankou mouton Bondye a, yo krisifye Jezi sou kwa. Se la li te mouri, kote li te soufri kole Bondye kont peche nan plas sila yo ki repanti e kwè nan bon nouvèl la.

REPANTI E METE KONFYANS NOU NAN BON NOUVÈL LA

Repantans ak kwayans diferan men ou pa ka separe yo. Kwayans ki sove a toujou fè pati repantans tout bon an. Sèl repons ki ka sove yon moun lè li tande bòn nouvèl la se lè ou repanti e mete konfyans ou nan Kris. Menm kan ou ta viv yon “bon lavi,” sa pa ka sove’w. Bon bagay ou fè paka sove’w. Bondye wè yo  kòm yon twal ki sal (Ezayi 64:6). Viv yon lavi ki pi “Spirityèl” sèlman fè ou yon pi gwo ipokrit. Konpare ak lè kè ou pa dwat devan Bondye ki se rezilta repantans tout bon an (Matye 23:25-28).